歌词
Kounya la m pap soufri ankò
Moun paka di se mwen k antò
Mwen san regrè mwen san remò
Mwen bliye tout touman
Padone tout dutò (padone tout dutò)
It's ok, menm siw pa banm bò
Di tout zanmim se mwen k pa bon
Sa pa nwim ni'l pa deranjem
Mwen deja reziye'm (mwen deja reziyem)
Always you know your game
Gras adye mwen pa fèb ankò, ohoh
Soufrans lanmou rann mwen pifò
Mwen jwenn la gerizon
Wi m refè
Kèm lage nan prizon
Pa bezwen enkyetew no more
Pou banm konfò moso supò
Se vre gon lè m te pèdi
Tap mouye nan lapli
Kounya m jwenn parapli
Gras adye mwen pa fèb ankò, ohoh
Soufrans lanmou rann mwen pifò
Mwen jwenn la delivrans
Wim refè soti nan dezolasyon
Mèsi bondye mwen refè
Mwen jwenn remèd
Kounya m refè m pap soufri ankò
No more pain, baby
Ohohh
Konn rete tout lannwit (konn rete tout lannwit)
Ap tann ou pa rantre
Map fè tout refleksyon tèlman m boulvèse
Mwen pasa domi
Ou konn fèm abiyem
Poun soti epi w pa vini
Ou pa menm dim sesi
Voye yon tèks mesaj
Dulce, I'm sorry
Kounya sa fini
509
Mwen jwenn remèd
Kounya m refè m pap soufri ankò
No no, Baby
Konn rete tout lannwit (konn rete tout lannwit)
Ap tann ou pa rantre
Map fè tout refleksyon telman m boulvèse mwen pasa domi
Ou konn di wal travay
Epoutan se pa vre
Lè mwen telefone patron ou reponn
Li diw an konje
Cheri m refè, (wi mwen refè)
M pap kriye pou ou ankò
Dlo nan jem seche
Kè mwen repare I'm better
(Mwen pa rayiw)
Mwen pa rayiw
Ni m pa kenbew nan kè Nannann
Malgre ou fem soufri,
M still ta vle wèw ou ap viv
Cherim refè
Ohoh
Kounya kèm kontan
Map souri pi souvan
Jwenn yon lot moun kap banm love tanzantan
Tout sak fèt nan lavi
Li fèt pou yon rezon
Pafwa yon mal konn tounen benediksyon
No more pain
Map rejwi
509
Jwenn gerizon
Kounya m refè m pa soufri anko
No no Baby
Men delivrans lan
Cheri lew te avem ou te gen nom
Kounya menm prenom w pa genyen