歌词
Grenn sèl bôri sit,
Kité barik pran lari
Tounen téson gravié
Pou manjé maléré
Li midi tout bourik ap ranni,
Pandan kabrit ap simen famasi,
Soley la pou lé'm
Li vlé fè'm anrajé,
Dlo nan jé dlo nan kô
M'ap pé swé tout koté,
Fè van pou mwen chéri,
Fè van pou mwen chéri,
Fè van pou mwen chéri,
Fè van pou mwen chéri,
Yoy yoy yoy
Yoy yoy yoy
Yoyyyyyyyy
Pandan m'ap di-w sa
Marengwen débaké,
Ac ki on dividal mouche
Ka kwensé'm k'ap môdé'm,
Li midi men tout kloche ap sonnen,
Férayè sou bôd mè déchennen,
Yo fè plantché k'ap pasé
K'ap fè fou k'ap rélé,
K'ap mandé ach'té po mak
Chodiè ki krévé,
Fè van pou mwen chéri,
Fè van pou mwen
Fè van pou mwen chéri,
Fè van pou mwen
Yoy yoy yoy
Yoy yoy yoy
Yoyyyyyyyy
Ba gen van k'ap souflé
Ki koté van pasé,
Fôk tann jou klèk karèm
Lè tan rara rivé,
Lè nodè fè péchè pè lanmè,
Lè fréchè ap pousé do chalè,
Le sa chéri m'ap simen
Bèl franj sou ou,
M'ap fè-w monté nan syèl
Tankou yon sèvolan,
Bôd fil pou mwen ti moun,
Bôd fil pou mwen m'anvi filé-w,
Chéri, gen vaann,
Gen van
Gen van
Gen van
Yoy yoy yoy
Yoy yoy yoy
Yoyyyyyyyy.