歌曲 / 歌词

Fòs

Listen on Apple Music

歌词

Pafwa lavi a parèt tèlman dwòl
Rele, kriye konn fè'm pè pawòl
Lè van lamizè a fè sa li soufle iye
Chapo lespwa mwen gentan depeyize
M'ap viv paske mwen wè m'ap viv
Men nan machwè'm
Mwen rete m'ap swiv ivv
Lè lavi a ap ban mwen kout frèt kach
Mwen kale do Bondye
Tankou yon grenn pistach oh oh
Lè mwen te deyò a
Zafè'm t'ap byen mache
Lè'm debak yon kote,
Tout moun se ouvè banm pase
Men jodi a menm fanmi zanmi pa vle wè mwen oh oh
Bondye di'l se papa'm
Men genlè'l se bò pè'm
Mwen bouke m'anvi rele anmwe e e
Gen twòp traka a
Nan lavi sa a
Sè'm tande
Pa kite pwoblèm fè'w depale
Si jodi a w'ap soufri
Se pou demen ou ka rejwi
Lè chimen vinn nwa a a
Se lè sa a pou kenbe lafwa
Kenbe kenbe pa lage
Kous la prèske tèmine
Kous la prèske tèmine
Kous la prèske tèmine
Ouh se vre kous la prèske tèmine,
Mwen pa dwe dekouraje
Ou menm zanmi k'ape tande'm
Kenbe kenbe kenbe kenbe
Zanmi Bondye'w la
P'ap abandone'w
Sèlman levanjil
Pou simante pye'w
Malfini satan
Pap ka frape pye'w
Paske se Bondye
K'ape pwoteje'w
Oh oh fòs
Se Jezi sèl ki ka delivre ou
Mande'l fòs pou'w ka reziste
Mande li fòs, fòs
Pou'w ka reziste
Pou'w kapab kenbe
Pou'w kapab lite
Mande'l fòs (fòs)
Pou'w ka reziste
Mande Jezi (fòs)
Mande sovè'w la (fòs)
Mande'l si'w gen lafwa a (fòs)
Pou'w ka reziste e e